Gade videyo edikatif sa a pou lòt enfòmasyon: De.gov/Tes.

Si ou menm oswa yon manm nan fanmi w genyen sentòm kowonaviris ki grav, tanpri rele doktè w. Si ou genyen yon ijans ki grav, rele 911.

Tès la disponib aktyèlman nan tout eta yo pou tout moun. Vizite DE.gov/tes ak https://coronavirus.delaware.gov/testing/ pou lokalite ak kondisyon yo. Genyen kèk sit ki toujou mande depistaj pou sentòm pou tès. Si ou genyen kesyon, kontakte sit ou planifye pou ale ladan l la.

Tanpri konsilte ajan sante w la oswa DPH konsènan entèpretasyon rezilta ak swiv rekòmandasyon yo jan sa nesesè. Nan kèk ka, ou kapab bezwen pou kontinye nan karantèn oswa rete izole paske gen moun ki kapab vini oswa rete enfekte malgre rezilta negatif pandan peryòd karantèn oswa izole a.

Nou kreye yon videyo edikatif ki pratik pou edike w nan kijan tès Kiratif aplikatè nan bouch la fonksyone. Apre w fin touse nan mask ou a, yo pral mande w pou yo rantre yon aplikatè andedan bouch ou pou kolekte likid nan bouch ou yo. Answit aplikatè a plase nan yon tib plastik an sekirite pou trete nan laboratwa Kiratif. Kiratif voye rezilta yo pou ou nan kouryèl si ou te anrejistre pou teste anliy avèk yon adrès elektwonik, oswa Divizyon Sante Piblik (Division of Public Health) pral rele w si ou te bay nimewo telefòn ou, men ou pat bay adrès elektwonik ou.

Non, men yo pral mande w pou konfime non ou te itilize pou anrejistreman an. Sa a ede nou ke rezilta tès yo koresponn ak moun li sipoze koresponn nan. Idantite w ak rezilta tès ou yo pwoteje pa lalwa epi yo p ap pataje avèk nenpòt lòt ajans, sèvis lòd yo oswa imigrasyon.

Tès la se yon aplikatè nan bouch ou ki fasil pou kolekte poukont ou. Nou kreye yon videyo edikasyonèl ki pratik pou asiste w pou fè tès la.

Laboratwa nou itilize a genyen done esè klinik yo disponib piblikman (https://www.medrxiv.org/content/10.1101/2020.04.11.20062372v1). Anplis de sa, Divizyon Sante Piblik Eta Delaware (State of Delaware Division of Public Health) la fè tès validasyon adisyonèl pou asire tès la egzat.

Sit pou fè tès yo pral etabli atravè nan Eta Delaware. Si ou pran yon randevou anliy avèk yon adrès elektwonik, ou pral resevwa yon konfimasyon avèk dat la, lè, ak lokalite pou randevou w la, ak lòt detay yo. Ou pral dirije w tou nan yon lyen pou yon videyo ki pral montre w ak kisa ou dwe atann ou nan sit pou fè tès la.

Plis sit pou fè tès ak pran randevou ap ajoute regilyèman pa Eta Delaware, an kolaborasyon avèk lopital yo epi founisè swen medikal yo atravè eta a. Tanpri tounen tcheke pou wè kilè lòt sit pou fè tès ap ajoute. Kontakte sit yo pou pran yon dat randevou pou fè tès la dirèkteman.

Ou pa bezwen fè anyen pou anile randevou pou fè tès la. Si ou pa prezante, yo pral bay yon lòt moun randevou a pou fè tès la.

Tanpri rive nan lè ki te pwograme ki te endike nan konfimasyon adrès elektwonik ou a. Si ou pat resevwa yon mesaj elektwonik, tanpri rive na lè ou te chwazi a lè ou t ap anrejistre a.

Anrejistreman yo pèsonèl. Randevou endividyèl yo dwe fèt pou chak moun. Disponibilite pou anrejistre nan sit la pral limite pou moun ki pat genyen randevou yo.

Wi, men tanpri pinga w mete lòt yo an danje si ou santi w malad. Randevou endividyèl yo dwe fèt pou chak moun. Disponibilite pou anrejistre nan sit la pral limite pou moun ki pat genyen randevou yo.

Pa manje oswa pa bwè anyen, bwose dan ou, pou omwen 20 minit avan randevou pou fè tès la, sa kapab diminye egzaktitid tès la. Gade videyo edikatif sa a pou lòt enfòmasyon pou kapab ede w prepare.

Kèk sit pou fè tès pral aksepte mache vini san ou pat anrejistre pou yon randevou avan sa. Tanpri tounen tcheke pou wè kilè lòt sit pou fè tès ap ajoute. Kontakte sit yo pou pran yon dat randevou pou fè tès la dirèkteman.

Tès la poukont pal pral pran sèlman kèk minit, men tan ou fè pou ap ret tann nan liy la nan chak sit pou fè tès la varye.

Sa depann nan sit ou ap fè tès la, genyen se mache vini, epi genyen lòt se kondwi. Tèsla kapab fèt pandan ou rete nan machin la. Tanpri tounen tcheke pou wè kilè lòt sit pou fè tès ap ajoute. Kontakte sit yo pou pran yon dat randevou pou fè tès la dirèkteman.

Tès la fèt gratis, li peye pa Eta Delaware la. Ou pa pral resevwa okenn fakti ak yo pa pral mande w pou peye pou tès la nan nenpòt pwen.

Ou pral resevwa yon kouryèl elektwonik ki genyen ladan l rezilta tès ou yo nan espas 3 jou si ou te bay yon adrès elektwonik nan Laboratwa Kiratif la lè ou t ap anrejistre a. Si ou pat bay yon adrès elektwonik, ou pral resevwa yon apèl telefonik nan Divizyon Sante Piblik (Division of Public Health) avèk rezilta w yo.

Kesyon apwopo tès ou a kapab reyalize atravè yon kouryèl elektwonik pou info@curativeinc.com oswa atravè telefòn nan 2-1-1. Moun ki soud oswa ki mal pou tande kapab tèks kòd postal yo nan 898-211.


Jwenn Plis Done sou COVID

Pou plis done sou ka Delaware COVID-19 ki gen ladan pann demografik, ale nan My Healthy Community