Gwoup Diskisyon/Apèl avèk Lidè Kominotè yo
Eta a te òganize gwoup diskisyon ki genyen divès popilasyon pou pi byen konprann obstak kominote koulè yo pou jwenn aksè nan vaksen an. Manm divès òganizasyon k ap travay avèk kominote yo pa desèvi ase yo patisipe tou nan komite ki genyen ladan Sou-komite Kominikasyon pou Vaksen COVID la, ak Gwoup Travay pou Vaksen COVID la, k ap bay fidbak sou defi ki pa sèlman aksè men tou defi pou edike kominote yo a.
Lyetnan Gouvènè Bethany Hall-Long òganize apèl regilye avèk lidè kominote lafwa yo, menm jan ak moun ki nan kominote Nwa ak Latino yo, pou pataje resous ak lide epi mande fidbak sou distribisyon vaksen an ak lòt dosye ki genyen rapò ak COVID-19 yo. Epitou eta a te repoze sou kontribisyon manm yo nan Komite Konsiltatif pou Reyaparisyon Pandemi an epi mande kòmantè òganizasyon kominotè ki pataje yo nan rankont kote yomenm ak DPH patisipe ansanm.
Volontè
Si ou ta renmen fè volontè pou ede nan evènman vaksinasyon yo nan tout eta a, enskri pou kapab yon manm nan Delaware Medical Reserve Corps (Kò Rezèv Medikal Delaware a).
Enskri Kounyeya
Kisa Òganizasyon yo ap Fè
Òganizasyon kominotè yo, gwoup ki pa pou pwofi yo, gwoup espirityèl yo ak lòt yo, yo tout ap ede nan kriz sa a. Nou vle soulinye travay gwoup sa yo epi ofri yon kote pou pataje resous youn ak lòt. Soumèt evennman kominotè nimerik, seminè sou entènèt, odyo, bwochi oswa lòt resous ou yo e nou ap ajoute yo nan seksyon ki anba.
Voye Ban Nou Seminè sou Entènèt, Bwochi ak Lòt Atou Ou yo
Soumèt Kontni Ou yo
Stats on COVID-19
For more data on Delaware COVID-19 cases including demographic breakdowns, go to My Healthy Community
